J'ai lu ça ici : link
"dapre lojik boujwa patripoch yo yon revolt nouvo esklav yo plis yon danje ke kolera ,grangou kloroks, desertification, erosion,lan mor yon paket moun si yon syklonn pase ak tout lot bagay ki fè ayiti tounen yon lanfè pou 80%popilatyon an.fok yo mete yon lame de esklav de mezon ki pou bat lot esklav yo pou yo rete nan wol yo.e Martelly kom esklav de mezon an chef dakor.anvan menm li te chef deta lè li te nan fraph li te mande pou konpel Michel Francois mete baton nan lenn pep la..."
Et en réponse ceci :
"Apre tantatativ koudeta ak detounman avyon lan premye ane presidans li ya, JCD te fè yon diskou menasan kote'l te deklare ke pitit tigr se tigr. E li pat manquer à sa parole paske li te kouri seleksyone yon band endividi tyak ak jenn gason gwo ponyèt pou fonde Corps des Léopards, ses obligés ke yo pa janm mansyone lan diskisyon yo. An reyalite, lè w byen gade misye te konsekan a pawól li paske papa'l te kite anpil mekontantman pami lame d'Ayiti e menm lan mitan VSN la. Deja nou te dwe ap poze yo kestyon pou ki sa lan peyi Ayiti te gen 3 enstitisyon sa yo. Nou va eskizem si m'pa fin sonje kóman Lewopa yo te vin disparèt sou sèn la.
Pou retounen sou sa k'ap pase jodi a, mwen te sezi signes avant-coureurs sou vrè entansyon Tête Marteau a ki rete cohérent dans son incohérence. Lan diskou'l apre enstalasyon'l, li t'ap martele "nou pa'p ka anpeche'm fè sa m'vin fè a". Pa blye ke se menm li-menm la ki te afiche mepri'l pou lavalasyen, sètadi majorite popilasyon a. E pi jodi a, n'ap tande ke li bezwen rankontre tout ansyen prezidan yo kom si yon nèg tan kou'l ka pase pou yon rassembleur. Lan epók n'ap viv la, sa ki enpótan pou Tèt Marteau, se jis fè pale de li. Misye pa byen, li pa viv si tout jounen se pa de li y'ap pale. Nou pwal wè, li frenk kare vini ak yon seri de ide pou li jis ka fè divèsyon paske se pa li k'ap pran gran desizyon yo. Se sa li vin fè, nèspa? Pale de li an mal men pinga yo pa pale de li.
Culte de la personnalité a ap travay li jiskaske yo mete'l lan azil. Se pou sa yo dwe frenen misye ak koze lame'l la. Ankor, mwen te siyale rezon probabl ke misye t'ap monte desand lan peyi Dominikani. Lè w pa gen sipó yon popilasyon ki dezevre ak sitwayen ki plizoumwen save se baton w met sou yo, se terorize w terorize'l, se tchèl w fè kase. Jenès la ka pat konen rejim sanginè a men li san lè aprand vit ak Tèt Marteau.
Misye jis monte sou vrè cheval de bataille li a. Koulye a li tonbe ap asosye koze militè'l la ak proteksyon ekolye. Ala de koze! Nómalman edikasyon lan peyi a se ta priyorite pou nenpót kèl chef d'Eta, m'p'ap bat okenn bravo pou sa lè'm sonje misye se yon anfware ki fè karyè'l lan tout vye mouvman ak faksyon destabilizatè lan peyi a. Si l't'ap pale de lekól se jis pou popilarite, se bèl pawól izipatè komsi se li gen plizyè ane sou pouvwa.
Mwen pa la pou voye flè sou pasaj palmantè yo men se pou yo toujou tchenbè baboukèt bourik la rèd jiskaske restavèk la akouche vrè entansyon'l devan zye polilasyon a. Li deja kómanse, nèspa?
Sa k'pi rèd la, l'ap koupe lan proteksyon ansyen prezidan legal e lejitim, l'ap piye Ayisyen emigre k'ap ede paran yo an Ayiti, elatrye e pi l'ap pratike nespotisme kote madanm ak pitit li an premye plan. Li gen lè ap prepare pou re-edite coup 1971 la. Lan kisa moun pran la a? Ayiti se yon peyi zonbi nèt?
Mwen konprand pou ki sa Madanm la pa t'ap janm pase. Paske moun sa yo te ka tchenbe tèt a zót. Rayi chyen di dan'l blanch, omwen yo ret gran moun e ke se pa lan main etranje y'al chèche pouvwa.
Ki sa misye di li vin fè ojis? Prezans li ramne peyi a senkant (50) ane an aryè. San gouvènman, li jis ap volè kredi ki ta revni a gouvènman ki te presede'l yo. Se sa k'fè m'pa dakor ak ide aboli fonksyon PM la. Sitou sou prezidans sa a n'ap gade a. Se ta bay misye les coudées franches. Li pwal rankontre ansyen prezidan yo endistenkteman sou pretèks rekonsilyasyon nasyonal san ke moun pa konen ki ideoloji progresis tout moun sa yo t'ap defand. Menm yon vagabon ki devan la jistis. N'importe quoi pou l'fè pale de li. L'ap fè divèsyon, l'ap seye maske vrèman kote divisyon a ye. Ki mele'l, lutte de classes se chinwa pou li.
Ouais! li pwal rankontre JBA, lidè Lavalas alóske entansyon'l se defèt li vin defèt sa lót la fè lan peyi a."
Commenter cet article