Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


"Jodi-a, Martelly a pe fè yon gwo èrè. Li a pe pompe van nan sevo patizanTet Vid li yo ki rele Tèt Kale, kale ni deyo, ni andedan, kont yon seri de moun.

Publié par Letitiah Sept sur 4 Février 2016, 10:00am

Catégories : #LU SUR LE NET

Caricature

Caricature

Djol Micky sal. Se avèk moun ki rete avèk sèlman li kapab pale, epi se moun ki gen plis fos ke li, li kapab koute.
 
Dayè, depi Tèt Kale-a louvri djol li, ou konnen! Tèt Kale gen yon fason: Dol Tèt Kale-a sal ampiiiil! Djol Tèt Kale-a santi anpiiiil!
 
Depi lè Micky ta pe danse toutouni nan lari, li te abitye di moun betiz lajan kontan. Si nou ta di ke Micky se yon machann pwason, se ta va manke machann pwason dega. Kom di Jean Monard Metellus, ou te mèt abye bourik la, depi midi sonnen fok li ranni.
 
Blan yo te mete Micky prezidan pou yo te kapab manje lajan don tranbleman te 12 Janvye 2010 la pi byen sou do Aysyen. Yo te bezwen yon moun ki te panse ke ekonomi avèk finans, se te goumen avek Jojo Lorquet pou 10 mil dola. Yo jwenn li, epi yo manje lajan tranbleman te-a sou do Ayiti. Lo Micky rive devan milyon dola, li pèdi tout bonnanj-li!
Jodi-a, yo vle ale pi lwen. Yo a pe sèvi avèk Sweet Micky pou yon retire yon mesye ki rele Jovenel Moise nan jaden bannan li pou yo voye li vini prezidan pep sot-la. Podjab! Pandan tan sa, yo a pe mete gwo avoka, tankou Hillary Clinton ou bien Ted Cruz ki soti Yale, ou byen Havard University kom prezidan pa yo! Embesil Tèt Kale, Tet vid bo kote nou yo pa kapab ouè manèv la! 
Pou yo, se fann nan kann la, pase nan bannan, vini chita nan pale nasyon Aysyen kom prezidan Ayiti! On dirè ke yo fè lobotomi nan sèvèl Estanley Lucas avek Cyrus Sibert, sa vle di, yon foure fil fe nan sevel moun sa yo pou yo pa kapab reflechi sou anyen!
 
Tèt Dwat nan tout vye piej, tout vye twou, men kantan  pouTèt Klè-a, yo pa nan sa!
 
Problèm ke Sweet Micky Genyen, se ke li abize dwog avèk alkool. Menm si li ta vle fe yon efo pou li kenbe tet li klè, li pa kapab reziste lontan. Depi li sou presyon, li tombe prese prese nan vye pratik konsomasyon dwog la.
 
Depi li sou dwog la avek alkool li, li blye tout prensip. Li pèdi tout dekorom. Li pèdi loloj li! Li di nempot bagay. Li fè nempot bagay. Sa se yon kompotman klasik moun ki pa gen fos karatè , se nan konsome sibstans ki altere sevo yo, yo jwenn fos yo.
 
Micky a pe pleyen ke moun a pe pale pitit, Olivier, mal. Men Micky te sipoze pale tèt li mal pito. Micky avèk tout Sophia pa pe jame konfese ke yo ta kapab fè èrè nan leve pwop pitit yo.
 
1. Ki jan pou yon moun fe leve pitit-ou byen lo ou a pe afiche tout vye kompotman an piblik, di betiz, danse toutouni, ale manman lot moun mal, pale fanm mal?
 
2. Si ou a pe mete pitit nou nan chemen vol administratif kote ou menm, kom prezidan yon peyi, ou a pe pase kob leta sou non yo pou voye yo ale sere, pa pale lot moun mal lo yo di ou ke sa pa bon.
 
3. Menm lo Olivier ta envite zanmi li, L'il Wayne avek Chris Brown pou fe yon espektak, se pa devwa ou, kom papa pitit la, ki prezidan mete sou li, pou afiche kompotman voksal, santi, san dekorom devan le monde entier ! Olye de sa, se Olivier ki te raple papa li a lod jou sa-a, lot misye ta pe empeste chanmas avek pete ki ta soti ni nan dèyè li, ni nan djol li!
 
Avan ke Micky blame moun ki a pe pale Olivier mal, fok li ta komanse pa fè otokritik li. Ayez un comportement digne, car vous aviez choisi la position d'un dignitaire! Un Dignitaire doit se comporter avec dignite!
 
4. Bri kouri ke Micky ankouraje Olivier pou li te ede DEA tann yon karabann pou de ti mesye Maduro yo an Ayiti. Nou espere ke se pa vre, epi, Micky kapab montre ke Olivier inosan nan koze sa-a. Paske si se vre, Olivier patisipe nan komplo kont you moun ke peyi li finn bay peyi Martelly plizye santenn milyon dola, se yon koze ki grav. Sa ta vle di ke Olivier se yon mo an vakans.
 
Nou pa ta renmen tande ke Martelly avek tout kot fanmi li avek zanmi li blame pep Aysyen si drog dile nan Amerik panyol ta fe yon male sou pitit mesye-a. Paske si se vre, se yon bomb ki a pe tann pou li eksploze.
 
Disparisyon Evinx Daniels, zanmi Micky ki, dapre jan istwa-a pati, te gaspiye kagezon dwog moun yo reprezante yon gwo dosye ki poko rezoud. Sa di nou ki jan Martelly trempe nan yon seri de dosye ki cho.
 
Jodi-a, Martelly a pe fè yon gwo èrè. Li a pe pompe van nan sevo patizanTet Vid li yo ki rele Tèt Kale, kale ni deyo, ni andedan, kont yon seri de moun. Misye pedi Tet li. Ki sa sa akompli? Tou senpleman, misye ranpli yon nouvo basen popilarite pou Lilianne Pierre-Paul. Men, Martelly pa kapab ouè ki tenten li a pe fè, paske li bloke nan wol Sweet Micky!
 
Sependan, gen yon mise an garde nou a pe voye la-a. Gen yon seri de patizan Martelly ki pa kapab realize ke Michel Martelly, se yon fenomen pasaje. Misye fini an Ayiti, paske li fe twop tenten, li di twop tenten.
 
Menm moun sa yo ki a pe di betiz san limit sou entenet la tankou yo konprann yo a pe ede Martelly genyen pou yo rive ou le nan lavi yo ke yo wont de jan yo te kompote.
 
An nou pran ekzamp Luc Desir, yon makout kraze zo ki te anrejistre sou tape jan li te konn totire moun nan kazenn Dessalines. Desir rive yon le nan la vi li kote lo li vini a pe tande tape pwop kryote li avek vwa li, li komanse depale: "Non! Je suis un homme de Dieu! Je n'ai jamais tue..."
Kanta pou Boss Pent, li te fou anraje avan li mouri kote pesonn pa ede li lo li kaka sou li, pa paske yo te rayi li, men yo te pe pou li pa te fe male sou yo.
 
An konklizyon, Micky se yon moun fou. Yonn nan kapasite ke moun fou genyen, se fe moun ki ozalentou  yo vinn fou tou. Nou gen dwa remake ke nan denye semen ki sot' pase la yo, misye pedi lakat net. Yo baye yon enteviou tet chaje nan metropole ki, li menm pou kont li, kapab antrave misye avek ampil lot moun.
 
Avan sa, gwo 12 Janvye 2016, Micky fe yon diskou kote ou oue se yon dwoge menm ki a pe pale. Plis ke misye a pre pran presyon, se plis li a pe di tenten. Li di tenten ki kapab fatal pou li. Li fe patizan li yo vinn fou kote, menm moun sa yo ki te toujou a pe sipote Lilianne Pierre-Paul ou byen Jean Monard Metellus vinn konsidere moun sa yo kom lenmi no 1 yo.
 
Martelly fe moun li yo boule pwop pon yo te travese pou yon pil fatra ke Micky reprezante.
 
Ki jan yon moun fe finn anraje ape di tout fanm nan peyi-a pi gwo betiz ki ekziste nan lang kreyol la pou yo defann yon dwoge tankou Martelly?

 

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents