J'aime relever certains commentaires qui sont éclairés et parfois très drôles.
C'est toujours rassurant, mieux que ça, c'est réjouissant de constater qu'en dépit de la déroute intellectuelle actuelle, il existe des résistants à la provocation, à l'ignorance et à l'exhibition de vulgarités et grossièretés.
Les commentaires signés Kaonabo sont toujours plein de bon sens et correctement rédigés en créole, ce qui est un plus.
Maladi tout kandida yo alawonnbadè se eleksyonmatism ki fè yo pa wè Ayiti bloke. Li bloke paske dirijan nou yo, kit li ekonomik ou politik, eritye 200 lane tradisyon, abitid, movez mès ak yon kilti dopresyon, dominasyon, eksplwatasyon a outrans, represyon, diktati san vègòy, eksklizyon sosyal kote yo kenbe majorite moun nan peyi a andeyò tout bagay. Pèp Ayisyen an pa gen dwa a lavi. Kidonk, sosyete a an pourisman pèmanan. Eleksyon pa pral rezoud pwoblèm sa a. Okontrè, se anvenimen pwoblèm pral kontinye anvenimen nètale. Depi 2 syèk, nap viv nan yon kilti enpinite, koripsyon, inegalite sosyal, diktati sanginè, pourisman total. Lòt aspè nan kesyon an se tradisyon soumisyon ki devlope pandan 20èm syèk la nan mitan popilasyon Ayisyèn la kote wa di yo asepte tout bagay nan men dirijan yo. Poutètsa, SOSYETE AYISYÈN LA BLOKE!!! Poukisa nou pa ka wè sa?
Pou koumanse debloke peyi a, se pa eleksyon nou bezwen men plito plizyè REVOLISYON KILTIRÈL nan tout domèn, tout enstitisyon, tout kote, jiskaske nou debarase peyi a de tout fòs fè nwa yo kap repwodui pwa lou kilti politik opresyon, dominasyon, represyon, eksplwatasyon, diktati, eksklizyon nan peyi a. Se sa kap bay Pèp la lide revòlt ak konsyans ke li gen dwa e, antanke sitwayen, li dwe batay pou dwa sila yo. Toutlèfwa, se pa sa nou fè, nou fenk kare pèdi tan nan eleksyon pèpè. E tout enstitisyon nou mete sou pye, enkli lame, nan kontèks sa ki ekziste nan peyi a aktyèlman an, ap gen menm mak fabrik ak tout lòt enstitisyon ki la deja yo ke nou konnen ki pa bon nonplis e ki an pourisman an pèmanans. Kidonk, REVOLISYON KILTIRÈL LA SE KLE POU DEBLOKE PEYI A. TOUT LAPRÈS KONSEKAN AN DWE MOBILIZE POU OPERASYONALIZE REVOLISYON KILTIRÈL LA.
AYISYEN KONSEKAN, PRAN RESPONSABILITE NOU!
Kanmarad Kawonabo
/https%3A%2F%2Frezonodwes.com%2Fwp-content%2Fuploads%2F2016%2F08%2F72816.png)
Moise Jean Charles promet de ressusciter l`armée haïtienne en 24 mois!
Port-au-Prince, mardi 13 septembre 2016 (rezonodwes).- L`autotitré fils de Papa Dessalines, Jean-Charles Moise, ne joue pas quand il s`agit de remettre en vie l`armée avec laquelle l`Empereur a p...
https://rezonodwes.com/moise-jean-charles-promet-de-ressusciter-larmee-haitienne-en-24-mois/
Commenter cet article