Monchè Wilky Toussaint, non otè mwen se Sergo Alexis, m ap viv an Frans. Safè 2 lane petèt, nou deja pale nan telefòn, mwen te ba w kèk ekzanp sou zafè privatizasyon antrepriz Leta ki te kômanse an 1986 aprè ranvèsman diktati J.C. Duvalier a ak Delatour nan tèt ministè Finans lan jouk sou gouvènman Préval yo.
Kèk tan aprè ou te fè yon videyo sou sijè a. Sete yon premye volè. Mwen te pwomèt ou pou n te pale nan kontèks jowopolitik ak nouvèl ôd kapitalis mondyal la yo te fè privatizasyon sa yo (ane 1980/2000). Aspè sa a te ka fè yon lòt videyo enteresan pou pèmèt enteletyèl ak politisyen chache solisiyon nan dènye sik kapitalis la ki se mondyalizasyon an. Li kreye yon sistèm iltraliberal sovaj ak anpil koripsyon e vyolans an Ayiti ; mentou nan anpil lôt peyi an vwa devlopman ki te aplike menm sistèm kapitalis Deta tankou Ayiti diran peryôd divalyeris la.
Men, kòm ou te fè videyo a san yon remèsi pou konsèy ak enfòmasyon mwen te ba w yo, mwen tedi sanvopalapèn pou m kontinye travay la avè w. Men sa pa anpeche m kontinye ap koute w achakfwa m gen tan. Ou toujou gen menm talan pedagojik la e ou di bagay enteresan. Men sèdènye tan, ou tèlman trete anpil sije, ke w rive manke sou fon nan prezantasyon kèk sijè. Dikou, mwen tande w mwens !
Ayisyen an Frans raden ?
Sepandan jodi a, m ap entèpele w sou videyo ou fè sou Ayisyen an Frans yo. Safè kèk jou mwen tonbe sou videyo a. Daprè sa w di, tasanble gen kèk blag k ap sikile sou Entènèt la kòmkidirè Ayisiyen an Frans mesken, chich ou raden, peenpòt mo a. Ou fè yon rakousi pou jistifye pawòl degradan k ap sikile yo ki chokan anpil ; paske poumwen, videyo w la kontribye nan divilgasyon an, daprè yon konparezon ki pa chita sou okenn verite syanntifik.
Sekan wal chache plas fransè yo ki tasanble trèlwen nan peyi ki bay mwens kòb nan don imanitè nan mond lan, pou eksplike se rezon sa a kifè Ayisyen an Frans chich. Egzanm sa a pagen okenn sans pou noumenm k ap viv nan kominote ayisyen an Frans lan. E semenm imilyan pou nou ki genyen yon mantalite ki toutafè kontrè desa yap di sou rezososyo yo. Se yon imaj pou divize pèp ayisyen an !
Gen yon bagay ou konnen eki jeneral nan sosyete ayisyèn lan, sèke pèp ayisyen an - menm moun ki rekoni malfektè nan sosyete a - se yon pèp ki fondamantalman solidè ak fanmi l osanslaj mo a, emenm souvan solidè ak zanmi l. Ebyen monchè Wilky Toussaint se parèy pou Ayisyen an Frans. Menmsa kipa genyen gwo mwayen ekonomik eki anpil an Frans, yo toujou fè yon mannyè pou voye transfè an Ayiti. Si w kwè m manti ranseye w nan òganis transfè ki enplante an Frans yo.
Mwen byen plase pou m di sa m di yo. Safè plis pase karanntwa zan m ap viv an Frans. Mwen se yon militan sosyopolitik trèkoni nan kominote ayisyen an eki patisipe nan anpil mouvman sitwayen. Anplisdesa, mwen te gen yon mezon transfè. Mwen menm te fè yon memwa DEA (Diplôm detid apwofondi) antropoloji, aprè mastè, sou Ayisyen an Frans. Gras ak eksperyans sa yo, mwen tounen yon referans pou tout chèchè, menm etranje k ap fè rechèch sou Ayisyen en Frans.
Sevre tankou w di nan videyo a : lòm adapte ak anvironman l, men gen toujou patikilarite nan pwoblematik adaptasyon an. Si w rive nan yon peyi kipa peyi w, ou dwe respekte lwa peyi a paekzanp ; men ou pagen obligasyon manje toutsa moun peyi a manje ; si w se vodouyizan ou pwotestan ou pa oblije konvèti nan katolik paske pifô moun peyi a katolik. Nitou oupa oblije vin chich paske pèp peyi ki akeyi w la anmajorite mesken.
Chak kominote ayisyen aletranje gen prensip sosyokiltirèl payo yo aplike antanke kominote pou yo ka entegre peyi dakèy la. Fason Ayisyen an Frans panse e aji pa pi move ke lôt kominote ayisyen k ap viv aletranje. Sevre ou fè yon ralemennenvini ki pamal sousa nou rele an Frans « le modèl social français », kise yon modèl de pataj richès peyi Lafrans ki asire atoulènivo popilasyon an Frans lan edikasyon, manje ak sante ke w se Nèg ou Blan, ke w se Fransè ou etranje. Si nan modèl sa a li pidifisil pou vin rich ke nan yon peyi liberal tankou Etazini, li paka fè w vin mesken pousa piske se yon sistèm ki enstale yonfôm solidarite sosyal ant tout klas sosyal moun k ap viv an Frans a apati yon seri lwa ak règleman Leta kise aki pèp fransè a nan lit li mennen.
Ayiti ou Etazini menm penpenp la
Menmsi m ap viv an Frans, nan rezo m, mwen abitye patisipe nan asosyasyon ayisyen an Amerik, kote mwen toujou soutni finansyèman mentou ak piblikasyon. Mwen dekouvri ke Ayisyen Ozetazini gen menm retisans ak menm mefyans ke Ayisyen an Frans nan zafè bay kòb pou aktivite asosyasyon. Se dabò chak manm enpôtan ki kotize yon gwo pati bidjè a answit chak responsb mobilize rezo payo pou yo jwenn lajan.
Nou ka di an Frans, ankelkesôt, Ayisyen adapte ak anvironman an anmatyè asosyasyon. Gen anpil Ayisyen ki gen asosiyasyon k ap travay pou ede patikilyèman vil ayiti yo sôti a. Si w manb ou peye yon minim kotizasyon anyèl, men se pasouvan yo mande ni ekzije moun bay kôb pou aktivite yo. Yo ôganize aktivite kiltirèl pou yo jwenn lajan. Genyen nan asosiyasyon yo kifè anpil bagay ; tankou gen blofè tou kipa genyen kapasite ak entelijans pou yo reyisi.
Si n ta vle pran paekzanp mouvman KPK a, ki yon bagay konkrè kote nou konstate se yon vrè mouvman patriyotik, anpil Ayisyen an Frans mobilize e patisipe finansyèman. Li rete kounye a pou militan sansibilize tout kominote a sou mouvman KPK a. Esa nou pafò ladan l ! Poutan, nan yon kad asosiyasyon nou te bezwen kòb an 2019 pou n te òganize yon vrè konferans entènasyonal an Frans sou koripsyon nan zafè Petwokaribe a, kote fò n te peye biyè avyon ak ebèjeman, ansanm kominote a ak manm fondatè asosyasyon an te finanse l. Men pwoblèm ki gen an Frans, se plis militan asosiyasyon ki bay kòb san yo pa bezwen manm nan yon aktivite sosyokiltirèl. Se jan de moun sa yo, menmsi yo an Frans yo kapab voye kôb bay Morvan ou TT pou patisipe nan kreyasyon yon radyo. Kategori sosyal militan sa yo souvan travayè endepandan e pi globalman klas mwayèn.
Men mefyans pou lajan an detounen toujou nan tèt majorite Ayisyen k ap viv an Frans. Yo ka bay kòb swivan moun ki dèyè yon mouvman eki enterè mouvman an. Li pa diferan an Ayiti ni an Amerik.
Men yon Ayisyen an Frans ka ebèje yon zanmi lakay li pandan plizyè mwa, vwar dèzane, sanke zanmi an pa gen mwayen pou l patisipe nan chaj (bil) yo ; se yon solidarite ki jeneral an Frans. Tandiske an Amerik se yon eksepsyon ke yon Ayisyen met yon moun abite lakay li gratisticheri. Se nan kontèks sa a tou mwen pa dakò pou Ayisyen ap divize Ayisyen, swadizan youn pibon kelòt.
Sa kika yon règ an Amerik, an Frans se petèt yon eksepsyon evisvèsa. Tousa pou m di w tout bagay relatif. Litabon pou n ta konbat fo ide ke Ayisyen lôtkote genyen sou Ayisyen an Frans yo. Si nou gen pwoblèm istorik ak Lafrans nou ka regle sa otreman san nou pa oblije mete nou nan menm sak ak pèp fransè a. Si nou entegre nan sosyete fransè a sapavledi nou asimile pousa paske asimilasyon an se yon fòm esklavaj mantal.
Malgre toutsa yo ka di, n ap toujou solidè e fidèl ak fanmi nou e bon zanmi nou kelkeswa kote yap viv ; mentou patisipe nan èd bay asosiyasyon swivan mwayen finansye nou !
Commenter cet article