/image%2F1034110%2F20251225%2Fob_f0d0f5_mail.jpg)
Ki sa detounman byen piblik ye ?
Detounman byen piblik se lè yon moun Leta bay responsablite sèvi ak lajan oswa resous piblik, men li sèvi ak yo pou enterè pa l. Yon fonksyonè, yon kontab leta, yon administratè, yon jij, yon chofè sèvis piblik, yon polisye oswa nenpòt lòt ajan ki travay pou Leta ka fè sa. Pa egzanp, lè lajan ki te prevwa pou achte medikaman nan lopital disparèt, se pasyan ki pa jwenn swen. Lè lajan pou repare yon wout disparèt, se sitwayen ki kontinye tonbe nan twou, ki pèdi tan, oswa ki fè aksidan. Menm kraze oswa detwi byen piblik tankou machin Leta, lekòl, oswa enstalasyon piblik, se yon fòm detounman, paske se lajan pèp la k ap gaspiye. Detounman byen piblik gen gwo enpak sou lavi moun chak jou : li bay lekòl san ban, lopital san ekipman, katye san dlo ak elektrisite, lavi ak byen sitwayen yo pa an sekirite. Finalman, se sitwayen an ki peye pri erè ak avaris kèk moun, pandan mizè ap ogmante epi konfyans nan Leta ap disparèt.
« Lè lajan ki te prevwa pou achte medikaman nan lopital disparèt, se pasyan ki pa jwenn swen ... »
/image%2F1034110%2F20251225%2Fob_442f1a_mail-1.png)
Trètman banditis nan medya
Nan Space Sitwayen Pa Dòmi sou X, 2 desanm pase a, pawòl jounalis Roberson Alphonse te sonnen tankou yon avètisman. Sou tèm « Trètman banditis nan medya », li pa mete dlo nan bouch li. Li t ap analize sitiyasyon an ak kè sere, ak kòlè, ak laperèz yon moun ki konnen sa sa koute pou enfòme nan yon peyi kote gang, kriminèl yo ap fè lalwa. Diskisyon an te montre kijan jounalis travay, kijan yo riske lavi yo pou verifye enfòmasyon pandan bal ap tire, evite vin zouti pwopagann etan presyon politik ak ekonomik ap peze, epi kontinye pale pandan pwòp lavi yo menm an danje. Lè medya yo rakonte vyolans lan san reflechi, se sosyete a ki vin pi blese, pi pè, pi manipilab. Apèl la te klè, ijan. Se te yon gwo kout rèl. Nan moman sa a, enfòmasyon pa ka fèt nenpòt jan, paske chak pawòl, chak tit, ka swa pwoteje lavi, swa mete yo plis an danje.
Space Sitwayen Pa Dòmi sa a te enpòtan paske li te leve vwal sou yon verite anpil moun evite gade anfas : jodi a, fè jounalis ann Ayiti se viv ak laperèz chak jou. Se travay ak fristrasyon, ak kòlè, ak presyon ki soti tout kote: nan men pouvwa yo, nan men gwoup ame yo, menm nan men piblik la ki mande enfòmasyon, men ki pa toujou mezire pri li koute. Diskisyon an te montre kòman n ap viv nan yon peyi kote di laverite vin yon zak politik. Pale de banditis, se pa sèlman rakonte sa yo fè, se riske lavi w, se chwazi pa fè silans malgre menas yo. Space la te raple nou lè jounalis yo ap soufri, se demokrasi a ki an danje ; e lè yo kontinye pale malgre tout bagay, se dènye liy defans sosyete a y ap trase.
|
/image%2F1034110%2F20251225%2Fob_f45926_mail-1.jpg)
Ki sa deklarasyon patrimwàn ye ?
Deklarasyon patrimwàn se pa yon senp papye. Se yon zak verite. Lè yon moun pran yon fonksyon piblik ann Ayiti, li gen devwa di klè devan Leta ak devan pèp la ki sa li posede, ki richès li genyen, ki dèt li genyen. Zouti sa a sèvi pou mete limyè sou pouvwa a, pou pwoteje fonksyon piblik la kont koripsyon, epi pou raple ke lajan Leta se pa byen pèsonèl. Se poutèt sa deklarasyon an fèt lè w ap antre nan pòs la, epi lè w ap kite l.
Lè yon ajan piblik pa fè deklarasyon patrimwàn li, oswa lè li bay manti ladan l, li pa fè yon erè administratif : li fè yon chwa politik. Li chwazi fè blakawout sou sa li posede. Li chwazi silans. E silans sa a gen konsekans grav : li louvri pòt pou detounman, pou anrichisman ilegal, pou gaspiyaj lajan piblik. Lè pa gen deklarasyon, pa gen kontwòl; lè pa gen kontwòl, se abi ki pran plas.
Men pi grav toujou se lè yon responsab piblik refize rann kont sou sa li posede, epi li fè yon chwa pou li vire do bay nasyon an. Li kraze konfyans lan, li fè sitwayen yo santi Leta pa pou yo, men kont yo. Konfyans ki kraze pa fasil retounen, e san konfyans, pa gen Leta, pa gen demokrasi, pa gen avni kolektif.
/image%2F1034110%2F20251225%2Fob_a297ce_mail-2.png)
Sitiyasyon dwa moun ann Ayiti
An 2025, dèyè chak rapò sou dwa moun, gen figi moun n ap evite gade. Gen manman k ap dòmi ak timoun yo atè, nan kay moun yo pa konnen, paske bal fòse yo kite lakay yo lannwit. Gen timoun ki pa al lekòl depi mwa, ki bliye sa yon kaye ye, paske katye yo vin tounen chan batay. Gen fanm ki viv ak kè sere chak jou, ki pè pou pitit yo soti, ki pè pou mari yo pa retounen. Ensekirite a pa yon estatistik : se lavi fanmi k ap fann, se diyite k ap kraze, se pèp k ap viv anba laperèz san kanpe, pandan Leta absan, pandan gang yo ap fè lalwa.
Lè lajistis pa mache, lè lopital pa fonksyone, lè lekòl fèmen, se pa sistèm nan ki soufri : se moun. Se timoun malad ki pa jwenn swen, se fanmi ki pèdi espwa, se sitwayen ki santi lavi yo pa gen valè. Repons bout pansman yo, apwòch demagojik yo moutre limit yo, rezilta yo bay se anvlimen sitiyasyon an, se plis moun k ap mouri, plis moun k ap kouri, plis moun k ap pèdi tout sa yo te bati. Dwa moun pa ka rete yon diskou, ni yon rapò sou papye. San aksyon ijan, san kouraj politik, san presyon kolektif, dwa moun ann Ayiti ap rete yon pwomès vid, epi pèp la ap kontinye peye pri silans ak echèk pouvwa otorite politik ki olye ap travay pou enterè pèsonèl yo, ta dwe ap travay pou lavi miyò pèp ayisyen an.
/image%2F1034110%2F20251225%2Fob_901e7c_mail-2.jpg)
Mèsi dèske w li epi pataje enfolèt sa a.
Commenter cet article