Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Un bloggeur dit Bravo à Michèle Montas

Publié par Elsie HAAS sur 20 Août 2007, 03:05am

Catégories : #MiNUSTAH-enfants nus

Sujet: Commission d'appui pour enquêtes sur meurtre de journalistes    Dim 12 Aoû - 19:38
Aaa Wi,

Mwen t ap tande retransmisyon rankont sa a sou radyo Solèy.
Pou mwen menm entèvansyon ki te pi enpòtan ,se te entèvansyon MICHELE MONTAS lan.
Li di de bagay enpòtan ,li di zafè pou y ap kontinye jije moun yo,pòv malere yo nan yon lang
ke yo pa konprann lan, se yon bagay ki pou sispann. Zafè pou jistis lan ap kontinye bay an franse an, fòk se ra se ta. Li fè referans tou ak jijman Raboto an.Kote yon pwosè ki te fèt devan kominote entènasyonal lan,kote tout pwosedi te respekte e pou Kasasyon jwenn mwayen pou l kase jijman an ,pase te gen fot pwosedi. Manmzèl di fòk bagay sa yo sispann.Yon bagay ki remakab ankò ak rankont sa a ,se ke tout moun ki te pran la pawòl,te fè l an Kreyòl. dabitid, lè gen envite etranje, ti nèg ou ti nègès gen yon tandans pou yo pale franse, sou pretèks etranje yo p ap konprann. Moun ki t ap pale yo,voye yon mesaj klè, yo di,anbasadè ameriken an, anbasadè franse, la swis, òganizasyon entènasyonal ak lòt envite yo ki te la, ke si yo ann Ayiti, yo d we konprann lang pèp ayisyen an.
 

Nou di yo :BRAVO!

Commenter cet article

E
Mwen dako avek tout sa ou di a. Fransé palé fransé, Italyen palé italyen, Russ palé rus, Ayityen dwe pale Ayityen. Se ou kokenn exèsis ou banm fè la pou eseye ekri pli ou mwen korectemen.Mesi anpil pou apreciatyon positiv sou blog la.Mesi anpil ke ou pran tan pou lil.
Répondre
J
Bay kreyòl la plas li nan jesyon zafè peyi a, se bay pèp la yon chans pou li patisipe nan zafè peyi l, pou li pa kontinye etranje nan pròp peyi l                                       Jean-Francois LAZARREMwen kontan anpil resevwa ide w sou komantè mwen an, sa montre m ke w ap fè yon travay profesyonèl. Pou m di w franchman, mwen lisansye nan jesyon, diplome nan enfòmatik se nan fakilte ak nan biwo kote mwen travay m aprann ekri malman kreyòl. Se pou m di w ke mwen dakò avèk w ke li yon jan difisil, men pa enposib pou jenerasyon sa a pale, ekri kreyòl nòmalman si gen volonte. Kreyòl la dwe enpoze l totalman nan nivo nasyonal dabò.Pou yon lang enpoze l nan nivo entènasyonal, li itlize plizyè zouti, kòm:  ekonomi, politik, kilti... Ayiti nan nivo li ye la a, li ka itilize plizoumwen kilti sèlman. Donk sa pa sifizan pou enpoze le Ayisyen nan nivo entènasyonal.Men sa m ap reklame; ' bay kreyòl la plas li nan jesyon zafè peyi a, se bay pèp la yon chans pou li patisipe nan zafè peyi l, pou li pa kontinye etranje nan pròp peyi l . Pou rèv sa a vin yon reyalite fòk tout moun konn li ak ekri kreyòl, fòk kreyòl itilize nan tout biwo, nan tribinal, nan tout bagay ofisyèl.Pou kominike avèk entènasyonal la nou ka itilize fransè, anglè.... Mwen renmen fransè kòm tout lòt lang yo konside kòm zouti pou  travay ak kominike, pa kòm zouti eksckizyon ak imilyasyon.Elie, ekskise m si mwen pa di w madam se tèlman mwen santi ke mwen pròch ou, mwen remen travay w ap fè a, mwen pran angajman pou m fè plis moun konsilte Elsie news.Mèsi pou echanj lan. Viv Ayiti.
Répondre
E
Bon m pap repon en Ayisien (se konsa mta pito ke nou pale de lang Ayiti-a) paske otograf mwen pa bon minm.Merci pour le commentaire très juste. Au cours de mon voyage en Haïti, j'ai pu remarquer que le Français restait la langue noble et le Haïtien celle des "inférieurs". J'ai pu constater, comme vous le mentionnez, que peu de gens parlent le français et qu'un tout petit nombre le maîtrise vraiment. Même les articles dans la presse locale utilisent un français vieillot, ampoulé et souvent maladroit.Bref, avec la nouvelle campagne d'alphabétisation en Haïtien, selon la méthode cubaine internationalement reconnue pour son efficacité qui va commencer au mois de septembre prochain, on va pouvoir commencer une nouvelle page. Et avec de la détermination on peut penser que dans quelques années le Haïtien sera parlé et écrit  par les nouvelles générations(pour moi ca va être un peu difficile)  sans aucun complexe dans l'ensemble du pays. Ne pensez-vous pas ?
Répondre
J
KI LANG NOU PALEJean-Francois LAZARREYon lang se yon zouti ki pèmèt abitan nan yon peyi kominike yonn ak lòt,  kominike ak etranje. Donk se yon zouti trè enpòtan. Nou dakò ke kreyòl ka popa ka kosidere kòm yon zouti kominikasyon entènasyonal. An di tou, se paske kreyòl la se Ayiti menm li senbolize ki fè li poko pran yon pi gwo dimansyon entènasyonal, gwo zouzoun, gwo palto maltrete l, meprise l, blofe l menm jan ak Ayiti, depi ou wè kreyòl ou wè pèp. Kou yo bezwen pouvwa, vann pwodui, blofe pèp la yo itilize kreyòl, nan tout radio ak televizyon y ap fè pwomosyon pou kreyòl, lakay yo nan biwo, yo p ap di yon mo kreyòl. Pa kont, nou menm nan geto a kreyòl la se nanm nou, li senbolize lanmou ak frantènite. Nou p ap fini kòmantè sa a san nou pa fè yon ti pale sou fransè a. Mezanmi pa bay tèt nou manti, nan 10 zan ap gen plis Ayisyen ki pale anglè ke fransè, avèk lòt rezon nou pral di la yo ki fè nou paka konsidere fransè kòm lang nasyonal. Li ap sa sou papye, men li p ap janm yon reyalite. Fransè an Ayiti yo itilize l pou blofe, pou imilye, pou kenbe mas la lwen zafè peyi a, se yon lang nan jan yo sèvi avè l an Ayiti ki toujou raple esklavaj: nan tribinal, nan zafè peyi a pèp la pa konprann gran choz, nan biwo leta kou prive pèp se imilyasyon l al pran nan zafè franse sa a ki fè pèp la etranje nan pwòp peyi l. Mwen pagen pwoblèm ak fransè paske se yon lang ansyen kolon, mwen ken pwoblèm ak itilizasyon l. Lè ou rankontre yon zanmi ou pa wè lontan, oubyen ak yon ansyen pwomosyon, lò ou rantre nan yon biwo, ou eksprime w an fransè yo di ou se yon moun ki gen klas, aprwè nou fin abitye se kreyòl k ap tonbe, ou senti ou lakay, ala yon ipokrizi! Ayisyen pa bay tèt nou manti, nou pale yon sèl lang "KREYOL".Daprè etid pa m gen 30 a 40 % Ayisyen ki konprann fransè, 15% moun ki ekri ak pale fransè. 100% Ayisyen konprann kreyòl, 7% a 10% refize pale kreyòl lakay yo ak nan biwo, 30% a 35% ekri kreyòlDènye tan sa yo gen gwo jefò k ap fèt pou tout Ayisyen ka ekri kreyòl.Logikman men ki jan bagay yo prale: Kreyòl lang nasyonal, anglè, espayòl, fransè lang pou kominike avèk entènasyonal la. Afè kreyòl la se tout yon deba, mwen rete la.Mèsi Michele Montas, mèsi Elsie.Fanm dyanm Ki wè peyisan ipokrizi
Répondre

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents