Nan tout pale anpil sa yo, genyen verite, genyen fantezi, genyen tou nesesite pou moùn ki vle, pran youn ti tan
reflechi san emosyon, san tèt chofe.Fason sitiyasyon-an ap dewoule anndan Ayiti jounen jodi-a, nou nan youn lòt nivo okipasyon tè Ayiti. Nou di youn lòt nivo, paske gen kèk tan nou sou okipasyon. Fwa sa-a okipasyon-an pran fòm èd nan moman dezas natirèl. Sepandan, plis nou ap suiv, se plis nou santi merin meriken yo pa sou Ayiti pou granmesi.
Sa ki konsène mwen, se koze Gwo Peyi ak sipèb konpetans teknolojik yo, ki sou tè-a depi kèk tan, epi ki ap fè
tout kalite rechèch pou pran sa nou genyen, men, sanble nou riske pa benefisye anyen nan eksplwatasyon resous natirèl sa yo.
Anfèt, se kalite konpòtman pran tout, san bay anyen an, nou ap viv nan peyi kontinan afriken yo, ki chaje ak richès, epi ki gen youn mas pèp ki ap vejte nan mizè. Pawòl-la di : Lè bab kanmarad pran dife, ou mete pa ou alatranp. Se sa menm nou ap fè la-a. Zam peyi ki gen gwo teknoloji yo toujou itilize, se divize pou reye, oubyen mete moùn pa yo sou pouvwa.
Ekip ki sou pouvwa-a vin rich ak tout fanmi li, epi rès moùn ki nan peyi-a rete bèkèkè, sa vle di : san anyen.
Nanpwen yoùn nan nou ki ap li mwen la-a, ki ta renmen sa pou pèp Ayisyen an anmenm tan, ap gade nan
makout nou. Nou kab priye, men nou dwe veye. Nou kab ap danse, men nou dwe rele anmwe kont Meriken, Kanadyen, Fransè. Se pa sa ki ap pote chanjman nou tout, nou ta renmen wè yo. Se tankou mwen ta di nou : Le chien aboie la caravane passe, kondi Mèt Lafontèn, ki te foure men nan valiz Ezòp, youn nèg, pou li te ranmase istwakont li yo.
Monte nan tout kalite tribin, epi rele anmwe, kritike gouvènman sou plas la, ki pa pe menm tande nou, eksetera,
eksetera, pa pe chanje anyen. Se pawòl pou epate lagalri. Vrè travay ki dwe fèt la, se youn travay chita ansanm nan dyasporaa : Kanada, Lafrans, Etazini, ak lòt peyi ki gen anpil Ayisyen yo, epi reflechi ansanm, pou nou kòlte ak moùn ki gen teknoloji nan men yo, epi ki pare pou ravaje resous natirèl nou yo, san yo pa vrèman fè peyi-a benefisye anyen nan resous sa yo. Se la-a pwoblèm lan chita.
Nou dwe chita ansanm pou nou pale. Nan tout chita ansanm sa yo, ki dwe fèt, nou rete klè, paske se nan lanati lòm, genyen moùn ki ap pare pou yo vann nou tankou Konze te vann Chalmay Peralt. Genyen ki ap pare pou yo vin fè kantamwa yo, epi, genyen lòt tou ki pral aji nan enterè pwòp tèt yo. Men, malgre nou konnen ekzistans tout kalite moùn sa yo, ak divès tanperaman negatif sa yo, ki gen pouvwa ban nou degoutans aji kòtakòt ak yo, nou pa kab rete bra kwaze. Nou dwe aji. Nou dwe aji nan transparans yoùn ak lòt.
Si gen youn plan rekonstriksyon nou dwe pataje li ak tout sektè nan peyi-a. Si nou fin travay li, nou dwe pataje li ak lòt sektè yo pou yo mete lide pa yo ladan. Nou dwe aji nan lòd ak disiplin, pandan nou ap rete vijilan pou nou veye. Kondi pawòl-la, si nou mete mayi nan solèy nou veye lapli.
Nou konnen genyen tout kalite opòtinis ki ap file lanng yo pou yo rekòlte siwo, nou pa pe janm kab evite yo,
paske yo nan tout nivo nan sosyete nou an. Sepandan, si nou konnen yo la, nou va aji youn fason pou nou netralize yo jan nou kapab, anvan dekourajman akapare nou.
Regwoupman : Sa nou dwe fè, se regwoupe fòs nou. Genyen youn regwoupman Monreyal, ki déjà anbranl. Li rele KONAKO.
Eske enterè li se kòlte ak lide piratri fòs teknolojik yo vle fè sou richès natirèl nou yo, nou pa konnen. Men, preyokipasyon nou, se motive yo nan direksyon sa-a. Eske genyen menm tip kowalisyon Ayisyen sa a nan peyi Etazini, Lafrans eksetera?
Nou ta renmen Ayisyen dyaspora yo òganize yo nan sans saa.
Nou remake tou enpisans moùn yo ki anndan peyi-a, jèvrin lan se nan dyaspora-a li dwe soti. Se sèten, nou dwe
kole ak moùn anndan yo, paske gen youn reyalite yo viv, noumenm nou pa konnen kòm moùn deyò; men yomenm nonplis, yo pa konnen reyalite nou ap viv nan fwote ak leta divès peyi etranje kote nou tabli yo. Konsa, se nan travay ansanm, ak lanng manman nou an, dèke li posib, paske nan pale franse nou kab elimine anpil moùn nan peyi-a; wi , se nan travay ansanm pou nou eseye chape sa nou kapab nan enterè peyi-a ak pitit peyi-a.
Pawòl la di : ou pa janm wè chen al kay tayè. Se kay bouche yo ale. Kote ki gen vyann. Nan lanati imen, depi youn moùn ap bay, sèke li gen youn enterè ki motive li. Enterè-a ka se youn enterè pou fè lajan, tankou li kab youn satisfaksyon sikolojik, men gen youn enterè kanmenm.
Konsa, genyen youn enterè, ki motive Meriken voye plizyè milye marin nan peyi-a, kant nou pa nan lagè. Se pa san enterèn Meriken pran kontwòl twa ayewopò ki genyen nan peyi-a, ak divès pò nou yo.
Pandan nou genyen youn gouvènman ki anfeblès, se noumenm nan divès peyi nan dyaspora-a, ki pou kole tèt
ansanm epi travay pou peyi-a, travay pou moùn ki ap viv nan peyi-a benefisye richès peyi-a, paske se sòt ki bay enbesil ki pa pran.
Pou nou fini, nou ap di : Kapital peyi-a ak plizyè lòt kraze, se dilere, se anmenm tan youn moman pou nou fè youn rasanbleman. Se moman pou lelit peyi-a toutantye pote kole ak dyaspora-a epi repare zak iresponsablite yo trennen dèyè yo depi nou fin pran endepandans lan an 1804 .
Michel-Ange Hyppolite
Kaptenn Koukourouj
Manm Sosyete Koukouy Kanada
michelangehyppolite@rogers.com
Mercredi 24 Février 2010
Haïti en Marche • Vol XXIV • N° 05
Commenter cet article