ki pat dako pou minustah al masakre moun nan site soley.
Pate gen rezistans nan bel sosyete a,
tout moun tap bat bravo,ankouraje minustah pou li touye plis moun toujou,
se sel pov yo ki te reziste, apre yo pet gen gason anko an Ayiti ki te gen kolonn vetebral,
tout moun tap bat bravo pou minustah.
jodi ya yap voye pie loske Fernandez mande pou yo rete dizan ankor.
Kisa nou vle menm?
Nou pa wè jodi a kijan krim ap fet an ayiti: tout bagay fet avek you presizyon de machine,
c'est presque chirurgical hein!
Grenn pa grenn gason ap tonbe tankou mango fil,
pouvwa-a konnen ki men kap frape, men podiab, li pa ka fe anyen,
pafwa menm you anket yo pa ouvri, paske yo pa ka manyen kriminel yo.
Mwen sonje pandan mwen tap tande Ranmase you samdi sou karayib FM,
depute Benoit
ki te you envite jou sa-a nan emisyon an te promet ke yo tap arete tout patron ki ta fe rondonmon...
e ki pa ta vle aplike korekteman lwa sou sale minimon nan,si lwa sa-a ta pase.
Te gen you lot invite jou sa-a ki te Charles Henri Baker,
misye te repon depite a konsa: "se blag,ou konnen gen moun ou pa ka manyen. "
Sa ki te pi grav jou sa-a c'est que ni Jean monard, ni Frantz pat insiste pou chalito eksplike replik li a.
Ak moun sa yo,ki kote nou vle ke ayiti ale?
Yap fe bri, men se gro van ti la pli, paske yo pap poze kesyon pou yo poze yo paske yo pa vle antame intere kek sekte.
Loske se vole kap rele bare vole,ka-a grav."
Commenter cet article