/image%2F1034110%2F20230606%2Fob_e9cf3f_florence-martelly-lamothe.jpg)
Se te an 1999. Yon enfòmatè m fin ban m kontrandi sak t ap pase nan Hôtel Le Chandelier nan Delmas 33. Hotel sa a ak Ibo Lele te pou jeneral Claude Raymond. Mwen deside an pèsonn al gade ak zye m.
Hôtel sa a te tounen yon kafe/bouzen kote yon rezo dirije pa Rudolph Jaar tap kowòdone. Patikilarite kafe sa a alepòk, Bouzen yo pa gen dwa pase plis ke 3 semenn anndan an. Li dwe anba 25 lane. Dapre sa Rodolphe Jaar te menm rive di m, se nan riz pafwa yo pran jenn fanm yo an Repiblik Dominikèn pou fè yo vin “travay” an Ayiti.
Men sa enfòmatè m nan te mennen m al verifye a. Otel la te baz plizyè aktivite kriminel. Alepòk, se Guy Philippe ki te komisè PNH ki ap dirije Delma. Anndan Otel la, te gen yon chanm jouk pa dèyè ki te abrite yon tribinal espesyal. Se la yo te konn jije e egzekite moun ki bay katel dwòg yo move kou, tankou fè wout krochi ak “machandiz”, ouswa tou, yo pa peye lajan yo ba yo vann dwòg. 6 dominken gwo ponyèt ki te bouwo nan tribinal sa a. Nèg ki bay move kou a, yon kòmando pwòch ak Guy Philippe nan machin polis Delma kwaze avè w, yo arete w mennen w direkteman nan tribinal la. Bouwo yo la pou bat, kase ponyèt, kase pye. Âpre yo fout li kèk grenn bal. Apre Yo al lagè kadav la nan lari.
Mwen te toujou di tout zanmi m ki te jwenn òf travay ak Tèt Kale, PHTKK se yon sak chabon, li ap sal ou kan menm. Yo rele tèt yo Bandi Legal paske se yon bann kriminel ki enplike nan anpil krim anndan peyi a. An 1996, Martelly te enplike nan gang vòlò machin UN (16 pickup blan doub kabin) ak Edo Zeny. Martelly te konn pase dwòg nan enstriman lè l pral jwe Miami. Mande Antoine Atouriste ki tap mennen filati sou Martelly lè l te nan tèt CICC (ki te la anvan BLTS). Laurent Lamothe se trafikan zam. Papa l Louis G Lamothe, ki fòme yon bann moun nan peyi a nan aprantisaj Lang Espanyol (Institut Lope de Vega) mouri apre yon stroke. Apre l te sote sou yon depo zam ilegal anndan kay li, Laurent Lamothe te sere.
Se akoz “Blan” yo te foure pil kriminel sa yo nan tèt Leta a, ki ba w rezilta, Leta kriminalize nan tout kò l. Sosyete a kriminalize tou. Kriminel nan biwo Leta ak rezo kriminel nan tout peyi a vin bay kòm rezilta yon kò sosyal gangrennen. Se pou sa m di depi yè, si nou pa chita pou n fè “états des lieux” pou jan pouriti a enstale nan tout profondè sa a, kriminalizasyon jeneralize Tèt Kale enstale nan peyi a ap vale kelkeswa moun ki ap fè ti wout an solo pou al pran chèz “Gouvènè” koloni ki rele Ayiti a. Toutotan Martelly pa jije e pini pou krim li komèt nan tèt Leta yo, se lave men siye atè. Se ansanm sosyete a ki ta dwe reklame jijman sa a. Men li pap janm fèt, moun nou pa ta panse, pami yo anpilllll moun ki nan MERDIA, Martelly te fè yo goute pa yo nan lajan Petro Karibe a.
Commenter cet article